Pou surviv fòk ou fight ak tèt frèt do it right Men si lavi ap - TopicsExpress



          

Pou surviv fòk ou fight ak tèt frèt do it right Men si lavi ap mal mennen-w dignite-w kenbe-l high Konn ran-w pou zanmitay ke ou konnen-w ou konn li tight K-pap etone pou yon pla fritay Ambisyon kondisyon pa-w solusyon m-met rete la Byen materyèl pa al nan syèl sou de zepòl ou ret tèt drèt sa Se yon fòmil pou viv tèt frèt fier d‚être kontante-w a Sa ou genyen fòk ou konnen pa-w pou renmen Si la vi-a mare ren ou kris te trennen anba jwuif romen Pa pè soufri piga-w lese ale vi pa-w Lè sa nan vi pa-w nèg pap file-w tankou ti kap Wap apran viv ak yon ti kras Tankou lanmè wap anti kras Lign defans ou pap andikap Wap sansib pou back ou tankou exzamen back tou Tankou-w te gen glack tou presye kou Barikad Crew E lè sa tout sa wap fè nan vi-a wap fè-l tèt frèt tèt drèt yo Ou pap rayi yon moun kap mennen Jezi-k konnen
Posted on: Tue, 23 Jul 2013 14:12:48 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015