RADIO KISKEYA ANBA PÈSEKISYON! Jounalis Lilianne Pierre Paul - TopicsExpress



          

RADIO KISKEYA ANBA PÈSEKISYON! Jounalis Lilianne Pierre Paul anonse aprèmidi a nan jounal 4 trè li a, jij Lamarre Bélizaire Voye yon asiyasyon bay Radio Kiskeya ansanm ak limenm, dèske li te bay yon enfòmasyon konsènan Bawo Pòtoprens lan ki sanksyone Lamarre Bélizaire pou 10 lane, akòz twòp move deriv li fè nan sistèm jidisyè a. Nan asiyasyon mèt Bélizaire voye bay Radio Kiskeya a, msye fè konnen li pa okouran nouvèl sila a ditou. Jij Bélizaire fè konnen tou, nouvèl sa yo k ap sikile yo, se pou sal imaj li. Nan menm asiyasyon sa a, msye Bélizaire ta lese konprann, se jounalis la ki fabrike nouvèl la. An konsekans, jij Lamarre Bélizaire mande jounalis Lilianne Pierre Paul, yon kopi sètifye nouvèl li te bay la. Bò kote pa li, avoka Radio Kiskeya a ansanm ak jounalis Lilianne Pierre Paul la, mèt Samuel Madistin, di yo pa p fè wonnpòt. Paske, avan pou dwayen tribinal sivil Pòtoprens la, mèt Raymond Jean Michel, ta aksepte demand mèt bélizaire a, fòk jij la ta bay kopi lèt ki te nome li ansanm ak dat li te prete sèman li ki montre kalifikasyon li kòm jij. Mèt Madistin di, li rejte demand jij Lamarre Bélizaire la, paske tou, asiyasyon an pa gen okenn adrès mèt Bélizaire, li pa presize ki dat emisyon an te pase sou Radio a, epitou asiyasyon pa di ki moun ki pral peye depans isye yo ansanm ak depans kopi sètifye yo. Pou tout rezon sa yo, mèt Madistin voye nan poubèl asiyasyon sila a. N ap siyale pou ou, mèt Lamarre Bélizaire ki depoze plent kont Radio Kiskeya a, CSPJ a te nome li nan kondisyon magouy e li prete sèman andedan biwo minis jistis la. HAĨTI CHÉRIE, Groupe ouvert
Posted on: Mon, 16 Sep 2013 22:06:56 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015