Reflexion pou jodia: YON LOT LEGLIZ POU YON LOT SOSYETE. Zanmi se - TopicsExpress



          

Reflexion pou jodia: YON LOT LEGLIZ POU YON LOT SOSYETE. Zanmi se dwa pam poum pataje sak te tjou nan kem ak tout moun sou la te beni. Depi 1987 nou komanse yon gwo mouvman relijye ki pemet anpil babouket tonbe jodia. Menm jan diktati te mete babouket nan bouch tout moun kite we politik la yon lot jan. Yahweh te fem soti Jolitrou poum al lekol Gde Riv ,poum al Philip Guerrier okap poum te mete levanjil nan lycee sa ki te fem devni yonn nan pi gwo star le sa nan lycea. Depi le sa jem vine louvri sou tout blof,explwatasyon piyay abi injistis kap fet kont pov yo nan legliz la,nan peyi a. Mwn pat pe pesonn poum te di yo sam panse de yo. Lem monte Dikini nan Semine advantis la mwn vine pi move paske m te dekouvri ke tet sous te tre sal. Le sa profesem ap invitem nan dechoukaj kont dirijan yo nan seminea. Bagay yo te tre led. E depi le sa kem tap boulvese kont yon regim kote gwo ap peze souse piti yo. Kom mwn te deja pwofese lycee toussaint mwn te move anpil e mouvman liberasyon la pawol te edem frape kom sa dwa poum te anonse nouvel generasyon advantis la. Jodia nou fye de tet nou di fet ke se neg jolitrou ki vine fe neg lavil yo louvri bouch yo paske fok verite pale. Jodia siw we nan diaspora gen legliz advantis indepandan se gras a mwn bien ke se neg ki tap konbat mwn yo ki fe yon bouyon rechofe. Men tout manje rechofe pwal si e lap gonfle tout moun ni gran manje ni ti sousou kap defann regn mechanste a. Batay la fek komanse nap vanse nan Nom YAHWEH. Paste Claude Alce.tel 347 998-1000
Posted on: Mon, 09 Sep 2013 14:25:44 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015