Senye pou non ou pote ya delivre mwen nan mitan banm lyon sa yo pa - TopicsExpress



          

Senye pou non ou pote ya delivre mwen nan mitan banm lyon sa yo pa kite yo fini avek mwen mwen tankou yon ti mouton mwen we mwen fe kome sim pa we mwen tande mwen fe kome si mwen soud senye map kriye nan pye ou poum ka jwenn sekou ou jan ou gen bon ke senye pran pitye pou mwen se yon banm moun kap fe awogan ki rayim pou granmesi mwen pa fe yo anyen ki mal yap pesekitem pou san rezon yo mete tout moun sou wout mwen pou veye mwen kote mwen pase se yon bann moun ki ap dezobeyi la lwa ou a yo pa gen krentif pou ou yo pito chache fe mal avek moun kap mache dwat devan ou senye sim te fe yon moun mal wa kite yo devorem wa kite mechan mete pye sou koum se tout tan map kalkule komandman ou yo yo rete nan fon kem mwen pa janm bliye yo se ou menm map sevi senye ban mwen fos poum kapab viv dapres la lwa ou yo se ou ki fos mwen map deperi mwen nan soufrans vin soulaje mwen ou menm ki konen tout sa ki nan coeur lezome geri mwen senye ban mwen yon lespri ki byen dispose poum ka fe louange ou senye pa mize fe mwen santi ou la avek mwen pa repouse seviteur ou pa kache figi ou devan kitem vin jwenn ou poum ka jwenn gras nan men ou se ou ki tout mwen tout moun voyem byen lwen tankou yon vye pov malere san sekou si ou kitem tonbe anba men mechan yo sa sa ap fe pou ou sim mouri kisa sa ap util ou moun paka fe louange ou kote mort yo ye ya senye fem justis pa kite mwen pran gwo wont sa se yon bann moun ki fe pil sou do mwen pou yo fe mwen mal yo di pa gen la vi pou li senye se oumenm sel ki kap sove pa gen lot moun pa menm gen yon. Sel moun ki ta di mwen pran kourage pa gen yonn ki pran pitye pou mwen senye se ou ki tout espwa mwen nan ou sel mwen konfye mwen mete tout konfyans mwen nan ou pa kitem pran nan pelen yo tann pou mwen an pa kite move plan yo gen nan tet yo a rive pa kite mwen pran wont sa senye voye ge ou sou mwen gade kijan mwen nan mize map soufri tout sa ou vlem fe mwen pre poum fe yo mwen toujou vle soumet anba pwisans ou agi byen avek seviteur ou ma toujou di mesi map toujou fe louange ou mwen pap janm sispann fe mwen gras ou we jan mwen vle toujou fe sa ki byen .delivrem senye
Posted on: Sun, 01 Sep 2013 22:40:02 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015