Si satan te omnisyan menm jan ak Bondye,depi avan Bondye tap - TopicsExpress



          

Si satan te omnisyan menm jan ak Bondye,depi avan Bondye tap chasel voyel sou latè,li tap gentan konnen,e jan mw wè satan mechan la,se li ki tap fèl avan.Men domaj,se pwen li genyen,li pa gen chans poul te konn tout bagay sa yo.Kom Bondye gen pouvwa.li konn tout bagay,satan ap pale nan kè li,li panse Bondye pa konn li kè.lap di:lap mete tronn li pi wo pase etwal Bondye,pi wo pase nyaj yo,poul ka resevwa menm glwa ak Bondye ki gen tout pouvwa.Pandanl nan syèl la wi lap di sa,li al kanpe byen lwen lap di sa,Bondye tandel kap di sa nan kè li.Satan pa gen pouvwa pou li konn sa yon moun di nan kè li,li pa gen pouvwa poul konn kisa ki gen pou rive.....Lè lwa,brav,ak tout lot vye demon satan yo diw gen yon bagay ki gen pou rivew oubyen fanmiw oubyen zanmiw,se pa konnen li konnen sa ap rive vre non,li gentan voye vye demon li yo al reyalize plan sa wi,jis poul fè ou kwè nan li.Si ou pa gentan al konvèti oubyen ou voye fanmiw lan oubyen zanmiw lan al konvèti,sa ap rive li vre wi,se pa plan Bondye non,e se pa konnen satan te konnen sa tap rive,li menm ki diw li e se menm li menm ki fèl....Sil te omnisyan menm jan ak Bondye vre,poukisa li pa parèt devan yon sèvitè Bondye poul dil gen yon bagay kap rivel...Pa bliye Bondye di,satan gen pouvwa poul fè tout sa li vle,menm fom vrè zanj Bondye yo li ka pran.Poul pa rive sou ou,se nan lapriyè pou rete wi.....Pa kite ogèy,kolè,rayisans,fèzè,adiltè,gwo venn,ipokrit,tripotay,malveyan,tiye moun,bay moun kout poud,koz moun mouri sou kont ou,pa gen anvi sou afè moun,pa kouche ak moun fanmiw oubyen zanmiw,pa derespekte moun,pa gade moun ki pa anyenw ak anvi,pa mete bijou sou nou,pa manje manje Bondye pa dako nou manje.Ex:oma,krab,zangi,sirik,chat wouj,kochon,grigri,sèpantye,poul dlo,malfini,chat,leza,toti,cheval......pa kite bagay sa yo mennenw ale,Bondye pa pran plezi nan bagay sa yo.......................Siw vle vin yon bon kretyen,ret fidel ak kris nan bon e move tan.Bondye beniw..
Posted on: Wed, 23 Oct 2013 01:04:25 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015