Ti medam, nou wè se pa sèl fanm Ayisyèn ki bay bòbòt yo vapè - TopicsExpress



          

Ti medam, nou wè se pa sèl fanm Ayisyèn ki bay bòbòt yo vapè sitou lè yo fin akouche, pa vre? Anpil nan nou, paske nou swadizan gen yon edikasyon, nou panse nou pi konnen pase granmoun lontan nou yo. Si nou louvri lespri nou pou nou aprann de yo, n ap konnen anpil bagay k ap bon pou nou nan lavi nou. Edikasyon sa a ke nou swadizan genyen an fè nou parèt awogan anpil. Li plis andikape nou ke li louvri je nou. Anpil nan nou di zafè lè fanm Ayisyèn yo fin akouche yo bay bòbòt yo tretman ak dlo cho ki gen tout kalite fèy ak kòs bwa ladan li a, ki pou fè bòbòt la retounen pi djanm ke jan li te ye avan an, nou di bagay sa yo se BS. Podjab, se konnen nou pa konnen wi. Si nou te konnen, nou pa t ap di betiz konsa. Sa a se yon bagay ki pwouve syantifikman ke aprè yon fanm fin fè pitit, gen tout yon seri de chanjman òmonal ki fèt lakay li ki fè bòbòt la vin pa sere jan li te ye avan an. Granmoun Ayisyen yo devlope pwòp syans pa yo pou yo fè bòbòt la retounen kenbe kò li jan li te ye avan an. Gen anpil gwo dotè ak pwofesè k ap anseye nan gwo inivèsite aletranje k ap antre an Ayiti pou y al aprann teknik sa yo nan men granmoun nou yo. Epi lè yo pote l ba ou, sa ou te panse ki te BS la, ke granmoun Ayisyen yo pratike a, nou vin ap fè l paske se yon Blan ki di w li bon pou bòbòt la. Se toujou konsa wi. Sa nou gen nan kilti nou ki bon pou nou yo, nou pa janm vle bay yo valè si nou pa wè Blan an bay li valè. Se mantalite esklavaj la ki fò nan nou konsa a wi. Alòs, ti medam, tanpri bay bòbòt la vapè lè nou fin fè pitit. Afè pou ti bout anba nou lage flòpflòp la, bagay sa a pa fè sans non. M genlè pral fè m yon doktè fèy pou m ka ba nou tretman sa a wi, medam. LMAO m.tmz/#Article/2013/08/03/tamera-mowry-vagina-steam-video
Posted on: Mon, 02 Sep 2013 16:56:18 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015