Wol Dyaspora Ayisyen nan pral jwe e dwe jwe pou l rekonstwi Ayiti: - TopicsExpress



          

Wol Dyaspora Ayisyen nan pral jwe e dwe jwe pou l rekonstwi Ayiti: Model, Metod ak Estrateji. Kontribisyon Kerlens Tilus ki se ekspe sou kesyon Dyaspora Ayisyen nan nan Konferans NAHP ap fe jounen k ap premye ak de Novanm 2013 la nan lakou Inivesite Columbia. Gran plante yo fe presyon sou jenn ti gason NAHP yo tankou Serge Renaud, Wilkerson Compere ak Mackendy Elmera pou mwen pa vin prezante pawol lavi sa ak bon jan sipo syantifik, men Bondye fe pawol li pou simayen, mwen lage l nan men nou, na va we poukont pa nou. Mezanmi, depi yon neg vin pale w de oganizasyon Dyaspora Ayisyen li pa pale w de teks sa a e li pa chita sou li kom prensip direkte, ou met konnen se blofe li ye. Bondye di nou kouman a kle nan Ezayi 60 kijan l ap delivre Ayiti anba mechan ki nan monn nan. Alos, men poukisa kom Entelektyel ki fonsyeman anbrase Jezikri ak tout Papa ki bannou Lespri Sen pou gid nou anbrase LaBib ki se pawol Bondye ki bannou tout kad teyorik e tout zouti pou fe lespwa jemen: Ezayi 60 Haitian Creole Version (HCV) 60 ¶ Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou. 2 Lòt nasyon yo nan fènwa, yon nwaj kouvri lòt pèp yo. Men limyè Seyè a pral leve sou nou! Pouvwa li pral parèt sou nou! 3 Nasyon yo pral kouri vin nan limyè nou an. Tout wa yo pral kouri vin nan klète jou kap leve pou nou an. 4 Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa kap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, yap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo. 5 Lè na wè sa, na kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou pap konn kote pou n mete kò nou! Yap pote richès nasyon yo ban nou. Yap soti lòt bò lanmè, yap vin jwenn nou. 6 Yap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou pap konnen kote pou n mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Yap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou. 7 Tout mouton ak kabrit peyi Keda yo ap sanble lakay nou. Na gen belye mouton peyi Nebayòt yo pou fè sèvis. Na ofri yo pou boule sou lotèl mwen an. Sa va fè m plezi. Seyè a va fè kay kote fòtèy li ye a vin byen bèl ankò. 8 Ki tout moun sa yo? Yap plane tankou yon nwaj nan syèl la, tankou yon bann pijon kap tounen vin nan kalòj yo? 9 ¶ Se yon bann bato kap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Yap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Yap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a. 10 Seyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa: -Se moun lòt nasyon ki pral rebati miray nou yo! Se wa yo ki pral sèvi nou domestik. Nan kòlè mwen, mwen te pini nou. Men, mwen gen pitye pou nou paske mwen gen bon kè. 11 Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo pap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou. 12 Paske yap detwi tout nasyon ak tout wa ki pa vle sèvi nou yo. Yap kraze peyi sa yo nèt ale. 13 Ya pote pi bèl pyebwa nan peyi Liban an, pichpen, pye sèd ak bwadòm, lakay nou pou dekore tanp ki apa pou mwen an, pou anbeli kote m rete a. 14 Pitit moun ki tap maltrete nou yo va vin jwenn nou tèt bese. Tout moun ki tap pase nou nan betiz pral ajenou nan pye nou. Ya rele nou lavil Seyè a, Mòn Siyon ki pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 15 ¶ Mwen pap vire do ban nou ankò. Yo pap rayi nou. Nou pap rete san pesonn pou vizite nou. Map fè moun nou yo toujou kontan wè nou. Ya fè fèt de tit an tit. 16 Lòt nasyon yo ansanm ak wa yo va pran swen nou tankou yon nouris kap bay pitit li tete. Lè sa a na konnen se mwen menm, Seyè a, ki sove nou. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen tout pouvwa a, ki delivre nou. 17 Ma fè yo pote lò pou nou nan plas kwiv. Ma fè yo pote ajan pou nou nan plas fè. Na gen kwiv nan plas bwa, na gen fè nan plas wòch. Nan plas chèf ki tap peze nou yo, ma mete chèf kap fè nou viv ak kè poze. Nan plas chèf ki tap souse nou yo, ma mete chèf kap fè sa ki dwat. 18 Yo pap tande moun fè mechanste nan peyi a ankò. Moun pap devalize peyi a ankò, ni moun pap kraze l. Map sèvi nou ranpa, se mwen menm kap pwoteje nou. Map sèvi nou pòtay, na fè lwanj mwen. 19 Se pa solèy la ki pral klere nou lajounen. Ni nou pap bezwen klète lalin lan pou klere nou lannwit. Se mwen menm, Seyè a, ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Se Bondye nou an ki pral leve tèt nou. 20 Solèy nou an pap janm kouche ankò. Lalin nou an pap janm disparèt. Se Seyè a menm ki pral sèvi nou limyè pou tout tan. Jou lafliksyon nou yo fini. 21 Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Ya rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m ka fè tout moun wè pouvwa mwen. 22 Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (1.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki pap mize fè sa, lè lè a va rive. Kerlens Tilus 11/01/2013 Ekspe Nan Zafe Dyaspora Ayisyen snel76_2000@yahoo
Posted on: Fri, 01 Nov 2013 13:06:01 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015