gade ak kisa inyorans redwi yon moun, mezanmi eske l serye pou yon - TopicsExpress



          

gade ak kisa inyorans redwi yon moun, mezanmi eske l serye pou yon swa dizan senatè republik ap repete pawol sa yo. alor se selman fason sa a pwoblem yo ap rezoud. depi tandat nap fe moun rache manyok yo kisa nou realize. Ou menm Moise depi kile ou nan povwa kisa ou fe pou depatman ou reprezante a? ou vle mete peyi a nan yon kawo total, eskew panse ak moun ki paka manje yo? konbyen timoun ki pa pral lekol? sak nan inivesite yo? etablisman piblik yo? Ayisyen je nou vin kale nou pap kite moun mete nou devan, se nou kap viktim, se pitit nou ki pa pral lekol, se nou menm ki pap ka pran laria pou n al defann 2 gouden poun fe fanmi an manje... Moise depi tandat wap di Michel Martelly pa bon ki solusyon ou pwopoze? rache mayok? koupe de pye l? jan w di a. mobilize populasyon an pou pran lari? fe dezod? pou peyi wap chante di w renmen an vi pi mal ke jan lye a? apresa ou menm pitit ou pral etidye nan peyi etranje? manje ap jete chak jou sou tab lakay ou? Pep la w vle mete nan lari a kisa w ap ofri yo? Ou genle panse ke pep la pa we kimoun ki nan avantaj li. bap pou dlo cho wap pare pou M Martelly a se pa ou menm ki tonbe ladan l.
Posted on: Fri, 25 Oct 2013 13:34:20 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015