li temwayaj sa ak anpil atansyon gen yon sevite ki te rete kafou - TopicsExpress



          

li temwayaj sa ak anpil atansyon gen yon sevite ki te rete kafou ((potoprens)) yo relel di manman l mouri aken ,li oblije kite aktivite l pou li ale nan lanmo manman l,li pran machin li ale aken, li rive aken nan lannuit men depi li desann machin la lap mache nan yon fenwa li sispek gen yon moun kap suiv li men li kontinye mache ,moun sa li suspek la se yon ki vini menm pou tire l ,selman moun nan ap veye yon okazyon pou l tire bal la,sevite a di lel rive pi devan gen yon lot moun ki sevil konpay nan wout la tou lap mache men li pa konnenl ,men moun ki vin pou tuye l la kontinye ap suiv li,men l sou gachet li lap veye yon bon okazyon pou l tire,pandan misye ap mache konsa pyel al tonbe sou yon po fig mi ki te ate menm kote a misye tonbe sou do e se menm kote sa tou moun nan tou tire bal la,le misye gade sou kote l li we lot moun ki tap mache bokote l la ap senyen paske se li bal la pran sa vle di bal la ta dwe pran l nan tet men akoz li sot tonbe bal la se lot moun nan li pran ,pou moun nan li konnen li tire l men se yon lot moun li tire NB : sou chemen nou defwa Bondye mete anpil po fig,defwa fok nou tonbe menm defwa fok nou soufri menm men pi devan na konprann pouki,paske soufrans,imilyasyon ak pwoblem ou an pap dire pou lontan.#Robens
Posted on: Mon, 19 Aug 2013 01:42:00 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015