Ayiti GANG-MAFYA-DEALER pou viv ayiti an pe, pou afew ap byen - TopicsExpress



          

Ayiti GANG-MAFYA-DEALER pou viv ayiti an pe, pou afew ap byen mennen fok ou ta pote youn nan siyati 3 non sa yo nan pase pran m ma pase chechew, ebyen nan politik peyi a siw pakab pote youn nan siyati sa yo ou pakab politisyen. kijan fe 3 siyati sa yo pakab fe peyi a devlope? neg sa yo pa we pou gwoup, yo pa nan kolektif, se tet yo selman , fanmiy ak ti zanmi tankou ti boubout yo tou. vinn jwenn yon pep analfabet, yon pep kote edikasyon yo a zero sa vinn fe neg yo jwe sou bagay sa yo ki ta fe yon ti gwoup moun nan mas la kenbe lot yo an otaj ak lajan neg sa yo ap ba yo pou youn pakapab pale. mezanmi bagay la tris, e menm few anvi kriye travay.- se yon defi pou pep ayisyen Edikasyon...- se yon menas pou ayisyen malgre ou ta finn fe 14 ans lekol, malgre ou ta pran wout inivesite ou ta genyen 2 3 vye bout diplom nan men w, se po devan w ou byen deye w ki pou ba ou yon ti djob. sak pi red la rive nan peyi etranje, peyi etranje diw retounen a zero paske yo pa rekonet etid sa, bagay yo grav. sante.- sa pi grav, si wal anmekde kow an ayiti al nan genyen kont ak moun, ou byen ou ta blese, ou byen ou ta pa pran bon mezi pou santew, se ou ki ap wel pou kont ou. paske pa genyen lopital ni pou mas pep la, ni pou klas mwayenn lan sa grav. Jistis.- sa vann nan tout magazen 3 pou 5 ann pase sou sa sekirite..- an ayiti se ou ki veye sou tet ou, paske an ayiti moun pa bay moun sekirite avan yon ti lese frape se polisye kap tire sou sivil. Lamize ak Laviche.- neg sa yo se kokot ak figawo, menm plim menm plimay yo pa janm mache san lot. devan pot kay tineg se yo ki blayi yo devan pot kat la kom rido pou diw byen veni. konbyen moun ayiti ki leve ki pran manifeste pou bagay sa yo? sim ka konprann byen vle pa vle fol ale, se li ki ta rezilta, rache manyok ou banm mete pam se solisyon ak tout pwoblem sa yo map anonse la, manvi fe yon enonse pou nou kijan politik 5 ans ki sot pase la te ye? lajan sou lajan ap brase pep la menm tap mouri nan mize jenn ti fi tap pedi vijinite yo pou degouden, fwaye moun tap plede kraze pou yon vye bout djob. ou menm jenn ou pat kapab pale ni pwopoze anyen, se yo kite sel senye sel chef men mezanmi eske neg sa yo se konveti yo konveti ou byen se nan enbesilite pep la yap jwe toujou. siw pa we yo nan tet kale, ou jwenn yo nan kale tet, si w pa jwenn yo nan opozysion ou jwenn yo nan depresyon, si w pa jwenn yo nan palman ou jwenn yo nan salman. si w pa jwenn yo nan palais peyi a ebyen se nan male peyi a ou jwenn yo. se te toujou 3 siyati sa yo Gang-Mafya ak Dealer meaznmi ka grav, se sak ala kap wel.
Posted on: Mon, 28 Oct 2013 17:42:53 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015