Bonswa Tout mounn ! Sezon Lete rive se Vakans ak epok fèt - TopicsExpress



          

Bonswa Tout mounn ! Sezon Lete rive se Vakans ak epok fèt chanpèt nan tout peyi a. Li inpotan pouwou si wap fè touris lokal nou invitew vizite Vil Desalin ki sitye a anviron 145 Km de Potoprens. Nou baw garanti ou pap regrèt pouw vizite vil sa a kote ak lindepandans nou an te ekri epi ki se premye kapital nwa ki gen nan mond lan. Yo toujou di si yon mounn bezwen yon fi pouw marye pou fè viw yo toujou ankourajew se Desalin Vil pou ale e si yon fanm ta bezwen yon bon nèg poul fè vil se yon nèg machan poul ta pran.Ou gen interè pouw vizite vil sa a, non sèlman se yon vil ki chaje ak moniman istorik tankou:5 fo ki domine vil la,wap gen chans pouw vizite kay premyè infimyè d"ayiti a ki se Marie Claire Heureuse Félicité Dessalines. Wap gen chans pouw vizite Kay Charlotin Marcadieu zanmi fidèl de Jean-Jacques Dessalines, Wap ka vizite plizyè lot mezon kila depi avan lindepandans wap ka vizite tou gwot Jean Izenga(Jan Zenga) kote anperèa konn fè ti degre mistik li. Wap jwen bonjan diri blan ak lalo ak tout kalite fwi pouw amizew. Tout fanm Machan gen 10 dwèt nan zafè fè manje. Gen lotel pou desann siw pata jwenn plas mounn Machan tèlman ospitalye ou pap gen pwoblèm pouw ta domi.Kidonk nou invitew vizite Desalines Ville pou Sezon lete a epi tou ou ka Vini pou fèt patwonal Sent Klè Dasiz ki fete depi 7 pou rive 15 Dawou. Nou gen 2 Ekip Foubol younn na divizyon 2 e lot la nan divizyon 3. Depite Vil la rele Garcia Delva, Vis Delegé awondisman Rele Wadner Joseph. Gen yon Katèl de 3 ajan Ekzekitif interimè kap dirije meri a. Nap Tann wou vini ak tout fanmiw pou vizite vil ki se premyè kapital nwa nan mond lan. Nap Tann ou. Adler [email protected] Vil le 26 Jen 2013.
Posted on: Wed, 26 Jun 2013 22:30:15 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015