Lachapelle yon bel ti komin pwop pitit li abuzel, maltretel, - TopicsExpress



          

Lachapelle yon bel ti komin pwop pitit li abuzel, maltretel, meprizel, abandonel,sakrifyel, nou tout ap di nou renmenl kisa nou fe pou nou pwouve nou renmenl vre? Rep: vin goumen pou pran pouvwa ladan pou nal fe lajan pou nou ak fanmi nou, egzekite vye pwoje pou ONG kap chache antere pi plus nan mize, chache detwi moun ak bouch nou oubyen ak fos mistik ki kwe et kap goumen pou lachapel pwogrese, si nou renmen lachapel vre an nou pran konsyans apre 124 ans komin se pa la nou ta dwe ye toujou, an nou chita ansanm pou nou idantifye pwoblem yo, pou nou monte yon dokiman pwoje, pou nou chita ak tout oganizasyon nan komin nan pou nou remet yo chak yon kopi dokiman sa a yon fason le ONG yo vini ak vye pwoje pa yo, pou nou ka di yo men ki sa nou genyen kom pwoblem. Li le li tan pou yo sispann fe nou manje sa nou pa bezwen, si nou pran pou egzanp pil lajan ki sot investi pou mete kek lanp nan lari lachapel, se sa nou bezwen vre, moun yo pa toujou nan mize a, kisa nou ka fe ak lanp sa yo, apre elev yo ki pase yon ti tan ap etidye anba yo, yo konnen nou pa mal pou kontante si yo ba nou kouran yap mete nou sou ray devlopman yo ba nou sa pou nou pa mobilize mande leta kouran ki pap bon pou yo paske lap redwi mize nou epi kap redwi raison detre yo.
Posted on: Sun, 03 Nov 2013 04:09:37 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015