“Yon Lèt Pou Ayiti” by Wyclef Jean. - TopicsExpress



          

“Yon Lèt Pou Ayiti” by Wyclef Jean. Lèt sa se pou ayiti Cheri Sakap fet cheri? Ayiti cheri, nou gin lontan nou pa pale Chak fwa mwen we seleksyon nasyonal la pitit ou yo fè yon gòl Mwen eksite… Saw the soccer game, next stop Goal Cup 2013 Haiti an ale lets go! Anou pale Min nou gin lontan nou pa pale! Son nan la ri a di nou fache Ayiti Pou jan nou te byen out te kwè nan tout mo’m! Min apre eleksyon ou di’m vire do’m Woy! Tan mwen Tan mwen, mwen fè anpil sakrifis Ou blye m’gin madanm, m’gin pitit, m’gin frè, m’gin sè, m’gin manmanm Miyami. M’te riske la vi’m pou’m te vin’ baw sèvis Demil sink si tèlman ou te cho se mwen minm ou te voye negosye pou ou lan geto! Admaral, Dread Wilmer, Tupak, Mackenzi, Sel solusyon mwen te wè se Yele Ayiti Min fanmi mwen te panse mwen te nayiv, pou lajan personèl mwen te depanse sou ou cheri, mwen voye ti moun ou lopital, bay gro lajan pou ti biznis, chak semen mwen paye pou anterman ou toujou gin moun mouri Se ou mim mwen te bay tout afeksyon’m, ou mim fe’m depanse lajan’ lan elekson. Min cheri sa ki fèm pi tris, Coupe Du monde, BET, MTV, Drapo lan main’mwen, ou Rele VIV WYCLEF, le yo te diw m’te vole lajan lan main’w ou di ABAS WYCLEF, mwen ta pito tiye tèt mwen avan’m pran lajan pèp, se pa tout bagay ke ou wè sou net ke ou dwe kwè ! Bagay Nef [Chorus] Sak Ap fet Cheri….(Ayiti Cheri) Nou gin lontan nou pa pale …(twice) Min nou gin lontan nou pa pale ! Son Lan La ri a di nou fache Ayiti Pou jan nou te byen out te kwe lan tout mot’m ! Min après eleksyon ou di’m vire do’m !! Cheri memwa’w kout, avan DoudouGoudou sete mwen mim kite minin Hollywood vin’we ou, Angeli Jolie, Brad Pitt, Matt Damon, Petra MenCova, Akon, Farrakan Sonje mwen te desan djèt la ak Bill Clinton, Bill, min Martelly, mwen te fè introdiksyon, et tout ti moun ou ye cheri, yap change rap kreyòl, nou rap lan tout lang, anglais, panyòl, cheri lem tounin Kennedy Airport, langichat la vie NewYork, mape travay du, nou di mesi jezi, vrai Gason pran responsabilite pou fami li, pagin rezon cheri pou fè jalouzi, ou bliye ou fèm pedi kontra avèk Sony, Ti frè-m fache li di m’pap jam tounin ayiti, pou jan ou di li rinmin’w gade jan li trayi’w, Ayiti tande’m byen, gin on lè cheri map tounin, sèl jam map’ka aide’w, mwen ekri on plan, tankou Dennis O’brien, fok mwen fe bilyon, mwen fèk sorti Abu Dabi I ’bati on konpayi, All HandzOnDeck nap fè gro beat, m’lage on mixtape, Clive Davis dim’ sa mwen vle, si tèlman check la gin zero ladan’l m” paka konte. ApriL Showers tande !! [Chorus] Sakap fèt cheri… Ayiti cheri Nou gin lontan nou pa pale Nou gin lontan nou pa pale Min nou gin lontan nou pa pale ! Son Lan La ri a di nou fache Ayiti Pou jan nou te byen out te kwe lan tout mot’m ! Min aprè eleksyon ou di’m vire do’m
Posted on: Sat, 22 Jun 2013 15:03:38 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015