Yon ti blag avan nou domi! Papa Toto ki achte yon wobo kap detekte - TopicsExpress



          

Yon ti blag avan nou domi! Papa Toto ki achte yon wobo kap detekte moun kap bay manti. Depiw bay manti wobo a ap ba ou yon kalòt. Li desidel teste l sou Toto, pandan tout moun ap manje sou tab. Papa a di: Toto Kotew te ye maten an? Toto reponn mwen te lekòl. Wobo a bay Toto yon kalòt Baww!!! Toto di ok mwen tal gade yon DVD kay yon zanmim Ki DVD? Yon film ayisyen ki rele RESPEKTE TIMOUN. Robo a ba li yon lòt kalòt Baww! Toto tonbe kriye: li di OK se mab mwen te ale teke ak yon zanmi. Papa a di: kisa? Lèm te gen laj ou mwen pat menm konn sa ki te rele mab non. Wobo a bay papa a yon kalòt Baww! Manman an tonbe ri krakrakra. Li di: Toto ou se vrèman pitit papaw. Wobo a bay manman an yon Pi gwo KALOT BAWW !!!
Posted on: Sat, 22 Jun 2013 03:20:30 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015