10. Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans - TopicsExpress



          

10. Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. La wè pitit pitit li yo. La viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l. 11. Apre tout soufrans sa yo, la jwenn kè kontan ankò. La konnen li pa t soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l. La fè Bondye fè yo gras. 12. Se poutèt sa, map pran l mete l chèf. Map ba li plas nan mitan grannèg yo. Lap gen menm pouvwa ak gwo chèf yo. Paske se limenm menm ki te bay tèt li pou l mouri konsa. Li te kite yo mete l ansanm ak krimenèl yo. Li pran plas anpil moun ki tap fè sa ki mal. Li mande padon pou moun ki te fè mal yo. (Ezayi 53:10-12)
Posted on: Mon, 14 Oct 2013 18:19:51 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015