Cap-Haitien, Haïti, Petite-Anse, Carrefour La Chaux, Ruelle Jean - TopicsExpress



          

Cap-Haitien, Haïti, Petite-Anse, Carrefour La Chaux, Ruelle Jean Jacques Le Grand (+509) 3352-0953 decouvrirpetiteanse@gmail / [email protected] NÒT POU LAPRÈS SOU DOSYE CYRUS-METELUS LA Lè n konsidere se yon kriz entèn ki gen koulè politik ; Lè n konsidere se 2 gwoup pwopagandis (Politik, Edikasyon) kap troke kòn yo, sou do elèv lise yo, pou fè chèf yo plezi ; Lè n konsidere se PAY KAP BOULE RAT KAY, ÒGANIZASYON DECOUVRIR PETITE-ANSE mande prese prese : Pou Prezidan Joseph Michel MATELY pase yon gwo kout bale nan reprezantan li genyen nan komin kap Ayisyen (soti nan Delegasyon Nò a, rive nan DDN/MENFP ki nan vil la), si l’ pa vle pran malonèt 18 Novanm kap vini la nan vil Okap ; Pou Prezidan MATELY bay responsab chaje misyon an, Max VICTOR, lòd pou chanje Martin PIERRE ki pa gen kapasite jwe wòl mitan jwèt nan dosye sa ; Pou komisè gouvenman okap la, si l’ pa konplis, mete aksyon piblik an mouvman kont tout zagò loray tout koulè tout plim tout plimay tout sektè ki gen non yo site ; Pou enspeksyon jeneral ake Direksyon lapolis louvri yon ankèt pou wè si DDN/PNH mouche Vladimir PARAISON gen rezon nan dosye sa ; Pou paran elèv lise ki viktim yo (Boukman ake Philippe Guerrier) pote plent kont x epitou kont tout moun non yo site nan zak malonèt sa ; Pou palmantè Nò yo fè lobi pou jwenn yon majorite pou pouse do Minis Vaneur Pierre ki parèt IRESPONSAB depi lè dosye a komanse jis kriz la pete ; Pou komisyon edikasyon ak jistis chanm Depite a louvri ankèt sou degre responsabilite ak konplisite Depite Keston Jn BAPTISTE nan dosye sa. Òganizasyon an rete solidè ake tout enstans, tout moun ki mache nan lojik pou kriz la kaba. Richardson SERAPHIN
Posted on: Wed, 30 Oct 2013 22:27:15 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics





© 2015