LI FILE LANG LI NAN BOUCH MWEN Jeudi dernier, apre douzed tan - TopicsExpress



          

LI FILE LANG LI NAN BOUCH MWEN Jeudi dernier, apre douzed tan travay, m pase we zanmi m, Rousseline Lafond lopital. M pa bezwen di w janm fatige, figi m blaze? Men fo m te pase we zanmi an. Pandan m nan salle d`attente la, m ap goumen pou m pa domi sou chez moun yo, je m tonbe sou yon demwazel k ap kriye an ralenti. Epi ou patadi sonw moun k ap chache yon kelkonk pitye nan je lot moun ki sou stress, k ap tann. Yon bel ti demwazel sou yon talok kikit diset rote, stil zuzunad. Li kenbe yon mouchwa blan kou pay kokoye kremas nan men l ki poko jwenn ak dlo. Je l ap kouri dlo, se nen l li mande anraje ap suye. Avan m al kote l, mwen mande yon infirmiere sa l genyen. Li di m se manman l ki mouri. Figi m te gentan blaze déjà ak fatig, m pa ajoute kenn may souli ke sa. M rive kote l, mwen salye l, mwen swete l mes condoleances. Li tanmen esplike m konbyen manman l te konte pou li. Yon istwa long, fatigan, ki pa enteresan, m al konprann pou kisa lot yo pat vle al kote l la. Yo pran nan kou a deja. M ap devye: mwen mande l si l pa gen fre, eske l gen se kote papa l? jouk mwen rive sou mennaj li. Kote mennaj ou, ti chou? Koman l fe kite w la pou kont ou? Bonne nouvelle : li te fe yon gro kont avek misye, sa gen yon semaine depi y opa we, y opa pale. Li panse ke ant li menm ak misye, c`est de l`hisoire ancienne. En disant cela, li kriye yon ti kras pi fo. Epi li lage ko l nan bra m avek dezolasyon. M anbrase l, pase men nan tet li, mwen konseye l pou l pa kouri si vit sou comclusion l. pita, le l rive, sone misye pou w ka fe l konnen manman w mouri. Epi gade koman l ap reyaji. O mwen, kounye a, m santi m ka bay baz.paske yon fanm tris vulnerable. Vin jwenn si l gen problem nan lanmou l, se sa net. M komanse rakonte l istwa pa m. jan m pa gen chans nan lanmou, sa fanm fe m, janm vin pe renmen, m ap pran tet li. Dlo koupe nan je l, l ap gade m avek pitye, avec admiration. Li bat do m, li pase men nan tet mwen. Manze monte chale manti m! M ap jwenn kares, m ap antre anba l, epi m ap met istwa ate. Manze siye dlo nan je m ak men l, li pase men nan tet mwen, li banm plizye tibo bo bouch, epi l ap gade m nan je. M chache kot ogey mwen ye pou m mixe kriye m. mwen monte kolet mwen : ouuuuh, lavi? Ah, fanm fe m wi? M sibi wi? M ap di nan kriye m. Manze di m, ak yon ti vwa dous, vwa moun damou : «Se paske ou toujou mal tonbe kife sa rive w. Ou pa renmen chwazi moun ki renmen w». Mwen kite l yon moman, al nan twalet la, m al lave figi m. Le m tounen, mwen di l: epa sonw bel ti pitit ou ye? Oh, m ront! M telman ap anmede w ak problem mwen, mwen pa pran tan pou m gade nan ki eta ou bel! Li souri, li fe yon 180 degre sou li menm, pou m ka we tout bagay. M di waw??? Se nan moman sa a, pandan mwen lonje men bali pou m rale l vin jwenn mwen, madanm mwen paret, li di dam nan bonjou, li file lang li nan bouch mwen. Jean Edcher Hippolyte
Posted on: Tue, 29 Oct 2013 20:53:41 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015