Pou yon moun ale nan lanfè sa koute anpil lajan paske tout zak - TopicsExpress



          

Pou yon moun ale nan lanfè sa koute anpil lajan paske tout zak ki pou mennen w nan lanfè yo ap fèw depanse lajan kan menm vle pa vle.men kek ekzanp,pou w al fè yon pa chat fok ou gen kob pou w depanse,pou w al kay gangan pou w al tuye yon moun fok ou gen kob pou w peye gangan an,pou w fizye yon moun fok ou gen kob pou w achte zam nan e lot depans sa ka koute,pou w al vòlè fok ou gen kob pou w depanse pou w monte kou a kelkeswa nivo vòl la menm lè se yon goud wap depanse kan menm oubyen plus toujou si yo ta rive kenbe w,menm pou w bay manti a ou depanse paske pafwa se telefòn ou utilize, e gen manti ou bay menmsi ou pa depanse nan moman wap bay manti a,men gen manti ki gen swit ou met atann ou menm yon minut telefòn oubyen yon kou machin oubyen yon sachè dlo manti sa a ap fè w peye,kelkeswa lot bagay nou ta konsidere kòm peche a nap jwenn li gen yon depans deye l kanmenm,tandike nou gen paradi a Bondye ofri nou gratis ti chéri,ou gen selman pou di wi mwen kwè nan sakrifis Kris la,mwen kwè li se pitit Bondye vivan an,mwen aksepte l kòm mèt e Seyè lavi m pou tout tan,epui mennen yon vi ki dwat devan Bondye.men sel sa Bondye mande nou pou nou eritye wayom li an,li pa mande plus ke sa.alors poukisa ou chwazi depanse kob ou pou w al boule nan lanfè olye ou ta jus chwazi òf Kris la,depanse kob ou pou byen viv sou tè a pandan wap tann pou w mennen yon vi byenerez ki pap janm fini nan wayom Kris la sanke ou pap gen yon goud pou w peye pou sa...demen pa pou zanmi,ou pa konnen konbyen jou Bondye te voye w viv sou latè,petèt ou ka sou denye èdtan w lan sou tè sa,jodi a menm se ka jou pou w al fè fas ak letènite.ou pap gen chans pou w fè yon chwa aprè w fin kite tè sa a..pandan map ekri mesaj sa a mwen santi lespri Bondye vle sove yon moun,paske pita pap pou li,mwen pa konnen a kiyes map pale ojus,petèt se avek ou menm ki ap li mesaj sa a kounye a menm nan e ki konnen ofon de ou menm ke si Kris rele w kounye a la a ou pap prè a.Ebyen pa fè kèw du zanmi,pa rate oukazyon sa a Bondye ba ou,ou pral sorti nan laru ou pa konnen kisa ki ka pase,ou pral antre lakay ou ou pa konnen kisa ki ka rive sou rout la,tanpri zanmi pa fè komsi ou pat resevwa mesaj sa a,paske se pou menm Kris voye l...
Posted on: Tue, 16 Jul 2013 14:31:46 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015