Youn nan pwoblem mgen ak moun kap met enfomasyon sou face la, se - TopicsExpress



          

Youn nan pwoblem mgen ak moun kap met enfomasyon sou face la, se ke yo toujou mete tout sak negatif epi anyen pozitif. Yo toujou pran poz ke yo renmen lakay epi enfomasyon ke yap bay de lakay yo se pete fyel. Mpoko we lot kote yo a p pale lakay yo mal non. Kit se medya e kit se te depite. Yo fe yon sel pou yo fini ak vil la. Sa moun GranGwav fen menm ki fe nap fini ak li konsa. Poukin pa mande dyaspora a ak gouvenman an pote lamen ak nouvo merin gen la a. Nou menm ki di nou renmen lakay nou poukin pa al chache pou li pito, olye nap tann le yo arete yon moun poun koumanse fe piblisite ak li. (Jimmy Moreau) alias Obama mouri, mpa wen te fe eko ak sa non. Li pat moun tou? Olrich te mouri san te fe pou li kom media? Kisan te denonse? Ann voye GranGwav moute yon lot fason, men pa jan nap fel la. Ase pou vil la. Viv yon lot GranGwav e Yon gwo ABA pou moun ki vle fini ak li yo. Viv GranGwav e ke Bondye beni Vil la.
Posted on: Sat, 15 Jun 2013 19:24:53 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015