Matinée De Grâce Senyè Jezi! papa nou ki nan syèl la, Alfa - TopicsExpress



          

Matinée De Grâce Senyè Jezi! papa nou ki nan syèl la, Alfa e Omega mwen vinn kote-w a maten an, mwen pwostène devan majeste-w. Mwen ba-w glwa, onè, louwanj oumem sel merite. Papa! maten sa mem, pou tout ekspedisyon ki te fèt sou do-m, ranvwa yo voye déyè-m, ou di nan pawòl ou, di mil met a dwat mwen di mil met a goch mwen, anyen paka rive-m. Senyè asirans mwen se nan ou li ye avèk ou, mwen pa pè anyen. Mwen lage tout vye ekspedisyon, tout ranvwa ba ou, tanpri pran kontwòl yo, pase avè-m byen woooo nan figi yo afen ke mem moun ki tap fè mal déyè-m yo, ya va kwè nan ou. Fanmi-m, zanmi-m nan mem-w, pwoteje yo e dirije la vi yo. Gras, padon, mizèrikòd, benediksyon, lanmou, sajès, lajwa nap mande-w maten an, pa pou jodia selman men jiskaske gen tan. Nan non pitit ou Jezi nou priye-w. Amen! Leve mem-w piwo pase têt ou, di Senyè pran kontwòl yo. #Emmanuel Atice
Posted on: Fri, 01 Nov 2013 11:28:11 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015