Ak anpil dlo nan jem nan moman saa pandan map gade fotow nan sekey - TopicsExpress



          

Ak anpil dlo nan jem nan moman saa pandan map gade fotow nan sekey la map diw bon vwayaj. Ou se te yon moun ki te renmenm anpil. Ou pa janm fe ipokrizi avem. Sim fe yon bagay ou pa renmen ou relem nan chanm nan ou dim sa nou ranje sa. Ou te bliye tet ou pou pitit ou. M konnenw pat ko vle mouri paskew te vle we tout bagay byen pase devanw. Miss Lea, Manmi Lea , moun tankouw yo , yo pa jwenn yo fasil nan yon monde si ipokrit, si mechan. Si perverti. Ou se te youn model de fidelite ak mariw. Yon model moun ki gen bon kè. Moun tout kote vin levew nenpot lè nan nuit pou kontrole tansyon pou yo. Chak fwa opresyon ap toufe manmanm se ou ki pot medicaman pou li. Ou bal piqure. Ou te nan tout bon sos. Paske se ou nou te genyen. Wale , nou paka goumen kont sa Met ou relew. Ale jwenn li san ke sote. Si nou kenbe chemen nou byen na we yon jou. Manmi lea. Menm ap tranble m paka ekri anko. Babay. M pap janm bliyew
Posted on: Sun, 29 Sep 2013 18:40:43 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015