Gwo Ijans nan Boukan Kare!!! Mezanmi pami 5,000 kontak mwen genyen - TopicsExpress



          

Gwo Ijans nan Boukan Kare!!! Mezanmi pami 5,000 kontak mwen genyen la yo sou facebook la, pa gen nan nou ki gen zanmi, fanmi oubyen kontak nan wo nivo nan gouvènman an pou mande responsab yo panche sou sitiyasyon Komin Boukan Kare ki anba gwo menas Rivyè Boukan Kare a? 27 Jen, yon gwo inondasyon te frappe Komin nan. Aswè a ankò, dlo a kòmanse monte byen wo, se anmwen popilasyon an ap rele. Mezanmi sa fè mal pou yon Kominote ap viv nan tout peripesi sa yo. 2 bra popilasyon ouvri ap mande Majistra, Depite, Senatè, Delege, Sekretè Deta, Direktè, Minis, Prezidan pou pote yo sekou souple. Nou bezwen non sèlman sekou ijans, men tou travay dirab pou pwoteje Vil Chanbo ak Fèwobyen kont danje larivyè a. Nenpòt ki ta ka bay yon ide, ede, sipòte ka rele nan : 38771037 / 32522945 / 46186224
Posted on: Sat, 07 Sep 2013 01:01:44 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015