Mezanmi, nou we nan fonde yon relasyon santimantal, benediksyon ou - TopicsExpress



          

Mezanmi, nou we nan fonde yon relasyon santimantal, benediksyon ou byen gras ak fave Bondye se pa yon bagay nenpot moun kapab determine. Paske li gen yon fason unik li toujou prezante, li pa janm bay yon bel aparans deyo, men ofon li chaje ak anbel bel merit. Ou menm, wi ou menm menm, ave-w map pale. ou we vye malere ou byen malerez sa, malgre li prouve yon vre santiman lanmou pou ou, olye pou ou ran li menm resipwosite sa, ou prefere ap fel monte yon masife pa do. Ou we yon vre santiman lanmou, se pa yon bagay yo ka jwenn fasil. Men si ou ta remake se nan adres kote ou abite li vin franpe, konnen se paske li destine ou menm sel. Sel sa ou bezwen fe ou menm, se resevwa-l, epi bali yon bon tretman. Pou-m di nou verite, kote kita ouve pot,pou resevwa yon jan de moun konsa. Komansman lavi-a, se pa yon bagay kap fasil pou yo. Se vre, moun sa gen deye li benediksyon, gras, padon ak fave Bondye. Men pou bagay sa yo manifeste, fe nou de moun sa yo kapab prouve youn pou lot non selman yon santiman lanmou ki di verite, men fok andedan santiman lanmou sa kapab 100% reziste devan tout tantasyon ki gen sou rout lavi-a. Pafwa nou konn gen yon bon moun nan menm nou, konsa tou, nou konn gen chans rankontre ak yon bon moun ke Bondye delege pou ki fe rout la ansanm ak nou. Ou konn ki jwe satan ave nou, li konn voye pwop ti se, ti fre nou ak bon zanmi ki pwoch nou monte dekwa pou li eksite lanbisyon, ogey, jalouzi, rayiman ak move tandans lakay. Le sa, nou vin pa gen 2 ou 3 bagay kap fe manifestasyon nan sevo nou, se leve kont tet pa nou, epi kont moun ki prouve yon vre santiman pou nou-an paske li genyen yon pesonalite ki tre pov. Ou we le nou nan yon relasyon santimantal ak yon moun swa dizan ki pa gen yon bel aparans men ki prouve yon vre santiman lanmou. Nou vle konnen pou ki rezon lavi-a konn paret difisil pou nou, se paske non Selman satan pa renmen kote ki gen union pafe, anplis nlap jwe pye zemen pou li kapab dezaprouve relasyon paske li santi benediksyon, gras, padon ak fave Bondye deye tet relasyon. An verite, an verite swasann diset fwa set fwa depi nou aksepte pou nou soufri ansanm nan bon jan lanmou, , bon jan dialog, fidelite, senserite, respe ak sentete nan mitan move sikonstans. nou gen pou nou gen chans rankontre ak fyete, bone ak lespwa lavi-a. Ke Bondye nan amou li ak mizerikod kapab ouve dekwa pou nou kapab we vre original kot pa nou-an.
Posted on: Wed, 25 Sep 2013 01:54:29 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015