Yon lot Haiti posib wi. Nou tout jinn gason ak jinn fi kit ou se - TopicsExpress



          

Yon lot Haiti posib wi. Nou tout jinn gason ak jinn fi kit ou se intelektyel kit ou se ti machann,klas ouvwiye, klas ti mache infomel la ki krazw nan moman pa fot move jesyon gouvenman aktyelman an,mambo ak ougan, espirityalis,klas pwofesyonel mal ankadre kap travay nan move kondisyon pa fot yon bann gouvenman sa vizyon, an nou fe yon virman pou nou ka fe yon edikasyon sivik ak sosyal pou pep Haitien an pou nou ka konn dwa ak devwa nou nan yon sosyete.Makout, Lavalas, Boujwa, Sekte prive, Kominote intenasyonal, klas politik demagog nou ka dim pouki sa nou fe komplo sa sou ti Haiti mwen an? Pep Haitien an nou louvri je nou pou nou ka manye idantifye vre enemi nou yo, li le pou nou sispann batay ak lombraj nou an nou vote pou yon priz konsyans general pou nou ka bati nouvel Haiti a.Komplo sa a twop nou pa we klas politik la pa ka fe yon opozisyon vre paske fok nou komprann ke tout tan nou pa di nou ka viv san yon viza yon lot gran peyi nou fink komanse nan sa nou ye la, li le pou Haiti gen yon klas moune ki se Haitien tout bon vre kap dirijel. Nou pa ka gen dirijan si se blan kolon kap ba yo lod, nou pa ka gen dirijan ki gen nin nan figi yo paske tout neg yo gen grinn zanno kay ofev ki se tonton Sam alo kouman nou fe espere ke Haiti ap dirije byen si se pa intere Haiti kap defann?$ 1.50 sou transfe,$0.50 sou apel intenasyonal, maraton nan Ambasad Haiti a letranje, tout sa yo se gwo dosye ki ta mande pou kesyone, kote Palman, kote Lavalas ki di li se opozisyon,kote ansyen opozisyon GNB, Klas moyinn nan kraze an Haiti paske se te ti machann ki te konn al achte st domingue yo. Prezidan dirije se prevwa tout sa wap fe yo se byen min mwen poko janm we yon kote ou pran yon mezi epi poum we akompayeman mezi ou pran an non? Ou bloke ti machann yo al achte st domingue aloske boujwa ki nan pouvwa ou yo toujou ap monte desann st domingue al achte pou minm ti machann sa yo al achte pi che nan min yo donk ou vle dim se popilasyon an wap pwoteje konsa? Ti pep la le poul komprann ke sa kap pase la se batay ant boujwa ak boujwa min se pa afe pa yo vre! De pi apre 12-01-2010 li paret kle devan je tout moune batay gran pisans yo sou terin Haiti an, kiyes ki ka reponn mwen 12 janvye o pwofi de ki moune li te ye tout bon vre? Mezanmi mwen ta gen twop batay poum ta di donk rete branche paske mwen gen ampil res.
Posted on: Thu, 01 Aug 2013 21:31:28 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015