Pa gen nou yonn kap genyen nan koze chire pit say o, Ayiti se pou - TopicsExpress



          

Pa gen nou yonn kap genyen nan koze chire pit say o, Ayiti se pou nou tou Kit out e milat kit out e nwa kit ou te gran kou malere… nou tout se Ayisyen Nou kondane poun fe tet kole pouf e la pe. Enperyalis la Selman kap genyen nou divizyon nou ki la depi apre 1804. Blan konnen ki kote fos nou ye, yo pap janm kite nou fe yon bon dialog ale vwa Pou nou ta gonfle fos nou, paske yo konnen kisa nou reprezante e yo konnen kisa nou ka reyalize le nou fe yon sel. Le nou fe yon sel nou ka regle koze kriz politik, kriz sosyal yo, kriz ekonomik, problem chomaj, problem edikasyon ak problem sou devlopman peyi nou. Yo konnen sou sol nou reprezante yon gran rezev, rich ak matye premye se bon volonte ak angajman nou bezwen pou nou ka dekole tout bon vre ak prop fos nou, pa bliye: riches nou se fos nou, yon jenes ki plen ju, yon jenes ki pa janm itlize, yon jenes ki poko janm eseye kapasite yo kap tann yon ti van tou piti pou yo vole, yon jenes ki rete fem ak konviksyon yo, yon jenes ki rezistan… yon sou sol ki gen anpil petrol, yon sou sol ki gen anpil aliminyom, yon sou sol ki gen anpil kwiv, yon sou sol ki gen pi gwo riches aewoespasyal… yon peyi ki gen yonn nan 8e mevey di monn, yon peyi ki gen yon plas la ge kote kite mete fen ak esklavaj nan tout le monn e kit e di non ak esklavaj nan tout monn nan, yon peyi ki gen pi bel plaj nan karayib la, yon peyi ki gen yon sol ki pi rich nan zone nan, yon syel ki toujou ble… sa vle di kisa? Sa vle di ke se pa peyi a ki problem yo o kontre se nou menm ki problem yo! Nou menm Ayisyen, se pa ni blan ni etranje ki la koz nou paka viv byen tankou moun. Peyi a ka chanje annou jete ipokrizi, jalouzi, egri…, yon ti egzanp: poukisa yon Avoka oblije ap joure yon prezidan ak yon premye minis Ayisyen de enkapab, yo paka dirije, yo enkonpetan… poukisa li pa itilize zam li gen nan menl pou l mobilize moun ou byen propoze tet li pou l ede peyil travay nan diyite ak respe, mwen pa konprann pou yon Avoka ki enstri konsa ap esye trouble la pe piblik konsa nan di sal vle kont prop prezidan peyiw! Avoka sa rele “NEWTON” li pa posib nan yon peyi kote ke nou tout se democrat nou ye pou yonn paka soutni lot! Sa pa gen sans li vreman drol. Se toujou menm ribanbel yo: se jalouzman se moun egri, se moun ki domi yo reve yo chef, se moun ki vle fe gro mago lajan san travay, se moun ki pa alez nan we Ayiti trankil paske se avek problem li yo regle tout koze yo, se avek kriz politik, kriz ekonimik ak sosyal yo fe milyon sou do sila yo ki deja sibi tout sot de kadejak anba men kolon enpote, anba revande diri pepe ki mete pye sou kou yo depi lontan. Goumen kont prezidan popile nou pap debouche ak lot bagay: se antre peyi nou nan plis mize, se ogmante lajan kolon local yo ak kase vale bon militan kosekan, bon patriyot e redwi fos politisyen yo ki deja pa reprezante gran bagay devan zye etranje. Si yon moun tankou Michel Joseph Martelly rive Prezidan peyi d’Ayiti; pesonn pa dwe pans eke se yon aza, “pa gen aza nan jwet politik men pito se yon kesyon de moman” febles ak echek politisyen Ayisyen denpi sou Duvalier, yo paka rive kontrole prop sistem pati yo, nap toujou jwenn rezilta sa yo paske se politik ipokrizi se politik jalouzman chef, se avoka egri, se jounalis egri, se boujwa san konsyans, se etidyan tet kreve, se 80% Ayisyen alalfabet, se santen pati politik… sa yo ak plizye lot se koz divizyon profon peyi nou Ayiti. Nou gen solisyon pou sa: se kite neglijans, retire ipokrizi, retire jalouzi, yonn tolere lot, yonn fe la pea k lot, tout sa ki sanble ke nou rasanble, rekonet ere paw, fe yonn ak gouvenman popile peyi a pandan nap veye sou tout derive yo, patisipe enpi pote konsey, gouvenman w dwe ouve pou dialoge ak tout sitwayen, konsa tout problem ap rezoud. Nou pa bezwen poto plent bay dirijan lot peyi, yo pa dwe antre nan zafe enten peyi nou tankou Senateur Dieuseul Simond Desrat te fel la, sa se gro trayizon kout kouto nan do, defayans lidechip li ye yon prezidan asanble nasyonal se dezyem sitwayen li ye pou Ayiti, yon chef egzekitif ak yon chef lejislatif se 2 pi gran lide peyi nou gen pouki sa yo oblije ennmi yonn kont lot? Nan sans sa se peyi a kap prepare pou yon eklatman sosyal, nou pa bezwen rive nan bagay say o. Tanpri souple Ayisyen frem yo ann mete tet nou ansanm: sosyete sivil la, pati politik yo, oganizasyon de baz yo, sendika, travaye, plante, etidyan, chome etc… ann pote kole ann travay ansanm ak tout dirijan peyi a poun bay bon jan rezilta pou asire avni pitit nou ak kenbe peyi nou djanm anba zye tout lennmi komen peyi D’Ayiti. Viv linite! Viv linyon pou yon Ayiti rekonsilye e devlope. Petion Petion Deliaza, Une Vision Moderne
Posted on: Thu, 03 Oct 2013 22:35:43 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015