FLASH/////////////FLASH///////////////FLASH////////////// - TopicsExpress



          

FLASH/////////////FLASH///////////////FLASH////////////// Omwen 10 haitien mouri sou lanme, genyen plizye lot ki echape lanmo le bato yo te fe nofraj (Radio Cacique dHaiti) -- O mwen 10 haitien mouri, genyen des douzenn ki echape le you bato ke yo te ladanl fe nofraj hier soir tou pre Staniel Cay, nan peyi Bahamas, dapre sa gadkot ameriken fe konnen tale-a. Foto ke gadkot ameriken publiye ke RadiocaciquedHaiti Live we, moutre anpil moun kroupi kouwe sadin sou kek moso bato-a ki kraze, nou we anpil lot konpatriyot nou yo ki ap bat pou naje pou sove lavi-yo soti nan lanme-a. Nou we moun yo (haitien yo) tap fe anpil mannev pou we si yo te kap soti nan danje dlo-a. Dapre Gatkot ameriken, gen apepre 100 moun ki surviv nofraj lan. Bato 40 pye-a ke ayisien yo te ladanl lan chavire nan mitan lannwit le te gen gro van ki tap frape kot sud-wes Staniel Cay, li voye okipan yo pasi pala nan oseyan dapre sa gatkot ameriken deklare. Lame peyi Bahamas te travay ansanm ak gatkot ameriken pou pote sekou a moun ki pat mouri yo. Gadkot ameriken lage manje avek lot pwodwi anko, ansanm avek ti bato sovtaj pou pran haitien yo retire yo nan dlo-a. Nan komansman matine jodi-a, yo te pran tout survivan yo e yo te mennen yo sou te Bahamas pou yo te ka resevwa swen sante. Juska prezan konnen nap rapate nouvel saa a 2PM (Haiti), bato ki kraze/fe nofraj la toujou sou lanme-a. Rete swiv nou. RCdH foto koutwazi: Gadkot Ameriken
Posted on: Tue, 26 Nov 2013 19:13:30 +0000

Trending Topics



Recently Viewed Topics




© 2015